Manman pa dous*
Pou manman mwen, Lavira Exalien.
sitwon, tritri, jomou, kwokwo, sèl, figmi, zonyon, kawòt, mayi peyi, ble, pwa kale, pwa chous, manba, farin, bobori, wowoli, doukounou, pendou, vyann sale.

Yon seri son ki antipliye nan tèt mwen depi nan vant.
wi
lontan lontan w ap promennen yon foli
kouri dèyè lavi pasipala
djige anba plat pye tan an
fè soperiye kwabosal ak lamizè nan janm ou
pou bay rèv la fòm
lontan sa w ap petri yon avni
nan moul mo yo
ou ranmase vwa tout yon fanmi ou mete sou jenou ou
ou travèse do lannuit an djougan/fanm poto mitan
ou pote m tankou yon bèl kolye madyòk
nanpwen moun ki ka mezire degre soufrans ou konnen
depi m ap boujonnen
pou rive jouk nan flerizman mwen
mapou manman
manman mapou
sèl syèl ki ansèkle m kou somèy ansèkle rèv
nan fetay emosyon w
moso wob lavi kouvri tout bèl pawòl
ki pèdi pyès sou beton lespwa
alèkile m ape gade w k ap patinen sou do mòn lanmou
manman pwoletè san tè/ vant kòde/ bwa mare
ou menm ankò grandi moute sou do mòn lanmou
manman boujwa lajwa/ vant balonnen/dan sere
tout manman se manman
manman m prete bag solèy la
mache anmègde tout mo ki pran chanklèt
anba babin lasosyete
epi nan chemen n a kontre
manman pa m nan menm fenk ap travèse premye miwa li sou kannkès madanletan ak tout boulin pye atè. se te yon mwa me. men moun nan ! men l ap pase ak vapè solèy nan degrenn je li. ak on briyans wòdpòt. ak mèvèy yon peyi nan rega li. ou pa ta di s on Dayiva ki jwenn kote sous lakreyasyon pete. epi li plonje nan pwofondè li tèt anba. ou pa ta di tout kò li se flè. flè lanmou. flè ki soti nan jemisman. lanmou se gato myèl k ap devide sou wonn bouch li. manman, se vre kè ou pa sispann farinen sou anfans mwen. men m konnen gou lanmou se nan bouch tete w sa chita. sant kò w viwonnen souvnans mwen. pa jodi m ap trimen anba yon solèy, fè loupin pou chache ke wòb ou. mwen aprann manman pa dous/manman ka dous/dous. manman se bout kann ki fè grangou galope. Ki fè grangou kriye san. razwa pou rache plim je madoulè. pou ratibraze kal emosyon sanwont ki vle devalize reyalite jou an jou nou. manman ou se donn nan. chive ou bay van an defi deja, van an tonbe deraye chache wout pou manyen nigrit… chive ou, gwo peyizaj, forè an daki, kote zwazo andemik vin rablabla. lonbray ou menm, dra ki kouvri letènite delatètopye. men manman penmba a !
manman m se premye grafiti, van ki bride santiman m… rèv lòray kale nan fòlman yon fraz latè fenk respire. manman m, ou se yon dans simbi nan dlo, on yanvalou tout èt vivan anvi karese.
m ap sonje lotjou, sanzatann, tout enspirasyon m pran zanpoud nan pile mo pou bay anvi m fòm, bay powèm mwen koulè afeksyon manman m simaye sou lenfini.
Douglas Zamor
*Powèm sila te loreya konkou pwezi Radio Nationale d’Haïti te òganize nan mwa me lane 2017
Catégories