Accéder au contenu principal

Douglas ZAMOR : biyografi

Le Temps Littéraire lanse yon pòtay ki ap rasanble biyografi tout otè nou yo pou kite pou jenerasyon k ap vini yo. Objektif la se suiv pakou moun ki ap pwodui literati ak refleksyon sou literati. An nou dekouvri biyografi Douglas Zamor alyas Dou’Z.

Douglas Zamor fèt nan vil Pòdepè nan depatman Nòdwès peyi Ayiti nan ane 1989. An 2016 li chanje non li pou li ka vin gen yon Non orijinal, ou ta di (ayisyen). Nouvo Non an se Dou’z, yon non li vin trè popilè avèk li. Li etidye sosyoloji nan Fakilte Syanzimèn Inivèsite Leta Ayiti, san konte plizyè sètifika li resevwa nan domèn diferan ak fòmasyon li pran nan domèn kritik literè. Li se powèt, mizisyen, chantè. Manm Sosyete Koukouy, Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK) epi prezidan Tanbou-Literè ki gen pou misyon fè pwomosyon kilti ayisyen an nan dimansyon senbolik li (lang, valè moral, sosyal…), pwomosyon ak anrichisman literati ayisyen an, kontribye nan konstriksyon konsyans lengistik ak idantitè lakay chak grenn ayisyen. Nan ane 2014, li pibliye an fransè L’haleine des saisons pleines (Edisyon Choucoune, Potoprens), an 2016, J’ai bu l’aube par la source, (Edisyon Choucoune, Potoprens). Yo de a ansanm, Doktè Erntz Mirville mete yo nan kategori ‘’non klasifye’’. Regilyèman, pandan twa ane yonn dèyè lòt, li pibliye twa liv pwezi nan lang ayisyen an : Tchòk an 2017, Manman Penmba an 2018 epi BALENDJO : REVOLISYON MEN GOCH. an 2019. ‘’Poème ȁ l’ombre de la mondialisation’’ se yon liv li ki poko pibliye epi yon woman ki titre ‘’E si lannuit ton timoun’’ ki nan kouti ak lòt ankò.
‘’TCHÒK’’ se premye liv li nan lang Moriso Lewa a. Liv sa gen yon sèl powèm ladan ki blayi kò li sou 72 paj. ‘’Mwen di pèsonèlman fòm sa rele Powèm danmbala, yon fason pou m ka fè diferans ak sa ki di nan konsepsyon oksidantal la sou powèm ki long anpil yo yo di ki rele ‘’poème fleuve’’ an fransè. Yon powèm danmbala se yon powèm ki nonsèlman long selon jan senbòl koulèv la ye nan kosmokoni vodou Ayiti a, men se yon powèm k ap chache fòs li ak devnite li nan lang ak kilti ayisyen an.’’
Epitou Douglas Zamor se yon moun ki te toujou chaje responsabilite depi lakay li nan Vil Pòdepè. Lè li te nan klas segondè, li te prezidan pwomosyon Filo li a, prezidan konsèy elektoral ki toujou òganize eleksyon nan Lise kote li te lekòl la (Lise Tertullien Guilbeau), li te prezidan tout Filo nan vil Podepè tou nan epòk sa epi prezidan yon klèb literè li te fonde nan lekòl la. Nan klas reto li te toujou montre devouman li pou jèn, konsa li te konpoze yon Im pou lajenès kote tout elèv reto nan lise a maten tankou apremidi te konn chante anvan kou yo komanse. Li te travay pou VDH (Volontariat pour le Developpement d’Haiti) pandan 3 zan kote li te konn fè fòmasyon pou jèn sou sante seksyèl ak granmoun sou Planin familyal. Epi li te yonn pami jèn ki te reprezante Podepè nan 20èm kongrè VDH te òganize nan vil Pòtoprens. Te gen yon konkou disètasyon Alliance France Podepè a te fè an 2008 li te ranpote 2èm pri a. Mete sou sa, li te reprezante Lise Tertulien Guilbeau valabman ak yon gwoup ekolye lè li te nan reto nan yon konkou deba kontradiktwa nasyonal Association des Professeurs de Français d’Haiti (APROFH) te òganize kote Lise a te ranpote 3èm pri a yo te bay nan vil Potoprens. An 2007, pandan li t al pase yon ti vakans gwomòn nan depatman Latibonit kote papa li moun, li wè jèn yo pa kreye espas diskisyon ki ka ede lespri yo ouvè sou yo menm ak anviwònman yo, li fonde yon klèb literè nan yon bibliyotèk CLAC ki te disponib pou jèn yo, konsa li montre yo kijan yo dwe òganize yo.

Sou plan atistik, li te fè pati MAJWIL AT D’ARTS, yon twoup teyatral solid vil Pòdepè te konnen kote yo te wè li se yon bon aktè bò kote Hermann Sainvil ki te prezidan gwoup la. anmenmtan tou, li te kowòdonatè adjwen gwoup sa. Nan moman an, se te yon veritab revèy konsyans. Tout jèn te fikse rega yo sou gwoup la. li te komanse ap graje gita tou piti jiskaske li te rive bay premye prestasyon mizikal li nan Alliance Française Podepè a devan yon foul moun li te make lespri yo. Se yon tèks li te konpoze e li te chante piblikman avèk patisipasyon yon demwazèl (Sony Alzé) ki titre ‘’mauvais primtemps’’ nan moman Ayiti te resevwa tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Li te konn ekri pou chak fanm li rankontre pou plezi li yonn osnon plizyè lèt. Lè li rantre Pòtoprens pou etid inivèsitè li, li vin evolye nan literati anmentan l ap tidye Sosyoloji nan Fakilte Syanzimèn. Anplis de sa, li rankontre Doktè Jan Michel Richard ki ba li yon kou mizik klasik espesyal kote li chwazi jwe patikilyèman gita. Li fonde avèk Jean-Baptiste Anivince Société Nordouesienne des Arts et des Lettres (SONAL) ki te konn fè nan depatman Nòdwès peyi a, Festival du Livre et des Arts du Nord-Ouest d’Haiti (FLANOH). Li se yonn nan moun ki bay san li nan moman batay pou mete Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) kanpe atravè espektak mizikal li bay nan diferan kwen avèk Nohémie Zamor kòm konpay sou kouvèti Tanbou-Literè. Antanke pawolye, Douglas Zamor mete yon seri powèm kèk powèt tankou Manno Ejèn, Anivince Jean-Baptiste, Ilèus Papillon…an chason. Pa bliye Douglas Zamor te loreya nasyonal konkou powezi sou fèt manman Radyo Nasyonal Ayiti te òganize an me 2017 ak tèks li ‘’Manman pa dous’’.

Sou plan radyofonik, li te konn anime plizyè emisyon nan Radyo Mélodie FM nan vil Podepè. Yonn chak samdi ki te rele ‘’Ecriture en parole’’, se te yon emisyon espesyalman literè yon gwoup jèn te konn fè anvan. Lòt la se yon emisyon li te pwopoze radyo a epi li te konn anime avèk plizyè jèn ki te rele ‘’Espace des Jeunes’’.

Anfen, Douglas Zamor se yon jenn gason dinamik ki pa pote pantalon li pou bèl twal.Yonn nan jèn nan sektè kiltirèl ayisyen an ki make prezans li nan inityaliv l ap pran kèlkilanswa avèk TANBOU-LITERÈ, gwoup li ap prezide, kèlkilanswa avèk Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK), Sosyete Koukouy ak lòt asosiyasyon ki solisite li kòm atis, ekriven, konferansye, fòmatè, gid etc.

Le Temps Littéraire Tout afficher

Magazine d'art, de littérature et des idées

Répondre

Choisissez une méthode de connexion pour poster votre commentaire:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l'aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.

%d blogueurs aiment cette page :