Accéder au contenu principal

Kisa yon lang aprann nou sou monn lan?

Pierre Michel Chéry se yon enfòmatisyen k ap ekri pwogram enfòmatik pou antrepriz nan domèn jesyon ak kontablite. Li gen yon metriz nan teknoloji enfòmasyon, li gen yon diplòm nan estatistik, li gen yon lisans nan jesyon biznis, epi li etidye lengwistik tou. Akote aktivite pwofesyonèl li, Pierre Michel Chéry se yon militan k ap defann lang kreyòl, kilti popilè pèp ayisyen an epi l ap travay pou yo ansèye disiplin syantifik yo nan lang kreyòl pou Ayisyen ka konble lakin yo genyen nan konesans syantifik. Li se manm REKA (Rezo Kreyolis Ayisyen), li se manm Akademi Kreyòl Ayisyen an. Akote tout atik li ekri sou kilti pèp la (12 prensip bwa kayiman, ansèyman matemaktik an kreyòl, analiz sou woman kreyòl), li pibliye yon seri nouvèl nan jounal Haiti en Marche (Mèt
Bolo, Site Chèlbè, Ki Kote Solèy la fè ?, Èske Diyite se yon bis ?), li pibliye plizyè woman : Eritye Vilokan (2001), Bèbè Gòlgota (2008), Senfoni Nago (2012), Peleren (2015).

Kisa yon lang ye ?

Pierre Michel CHERY : Yon lang se yon zouti lanati bay moun ki pèmèt yo reflechi, kalkile oswa panse. Yon lang se yon zouti ki pèmèt moun boukante pawòl ak lide. Yon lang se yon sistèm ki chita sou twa wòch dife :


1- yon sistèm son. Tout lang pa gen menm son, okenn lang pa gen tout son ki ka soti nan bouch yon moun. Sa vle di nou pa jwenn menm son yo nan tout lang moun pale. Nou ka pran egzanp sou vwayèl yo, gen sèlman 3 son vwayèl yo jwenn nan tout lang, se vwayèl ki bay son sa yo : « a », « i », « ou »


2- yon lang se yon lis 2 gran kategori
mo, yon premye kategori se gramèm yo, egzanp : prepozisyon, pwonon, konjonksyon, eks.. epi yon vokabilè ki genyen adjektif, non, vèb, advèb ki fòme leksik lang nan; epi


3- tout lang gen yon makonn règ ki di kouman yo ka asosye eleman yo (gramèm, leksèm) pou yo pwodui pawòl pou moun ki konn kòd lang ka konprann. Ki fè, chak lang gen kòd pa li.

Kisa yon lang aprann yon moun sou monn nan ?

PMC : Yon lang pote vizyon yon pèp sou sou tout sa ki konsènen lavi li, kit se nan rapò moun ak moun, kit se nan rapò moun ak anviwònman li, kit se nan rapò li avèk envizib oswa sakre. Nou ka pran kèk egzanp sou lang kreyòl Ayisyen pale a pou nou montre ki jan lang kreyòl la byen chita nan demakasyon pèp ayisyen fè parapò lòt pèp. Lè Ayisyen di : « tout moun se moun, pa gen moun pase moun ». Se yon pawòl ki fasil pou Ayisyen di epi pou yo konprann. Men se pa yon pawòl ki fasil pou tradui nan lòt lang. Lòt lang yo pa sòti nan menm kalite lagè (1791-1804) ak pèp ayisyen. Se anpil jimnastik pou yon moun fè pou li mete pawòl sa yo nan yon lòt lang. Sa vle di lang kreyòl la pote filozofi pwofon yon pèp ki te goumen pou li te sòti nan leskavaj. Dezyèm egzanp : « Dèyè mòn gen mòn », se yon lòt pawòl ki montre rapò nou ak yon anviwònman ki chaje mòn epi ki antre nan fason nou wè nanpwen fòs sou latè oswa nan kòsmòs la ki pa gen yon fòs ki pi fò pase l. Yon dènye egzanp ki pou montre modesti devan eleman lakonesans nou pa metrize « Sa w pa konnen pi gran pase w ».

Fason lang yo abòde kesyon jan yo (sèks), èske sa aprann nou sa yon pèp genyen pou koutim ?

PMC : Wi, chak lang di ki sa ki enpòtan nan kilti pou li. Si nou gade lang kreyòl la, nou ka wè lang nan di « moun », li pa di « gason » oswa « fanm » tankou jan sa fèt nan yon lang tankou franse kote se mo « homme » nan ki dekline tout sa ki gen rapò avèk moun. mo « Homme » nan bay « humain », « humanité », « humaniste », eks… Sa vle di lang franse a santre pawòl li sou yon kategori patikilye nan 2 tip pèsonaj ki fòme limanite, nou te ka di mounite a. Kategorizasyon sa a nou pa jwenn li nan lang kreyòl la paske li t ap an kontradiksyon ak premye prensip ki di « tout moun se moun, pa gen moun pase moun ». Paske kòm moun, ni fanm, ni gason ka fè nenpòt ki sa, yo ka jwe nenpòt ki wòl. Se sa lang nan di menm si se pa sa ki fèt. Se pou nou te di gen yon seri kategori ki genyen nan chèm panse yon pèp, yo pa jwenn lakay yon lòt pèp. Se sa ki esplike ki jan li difisil pou yo tradui « genre, équité de genre, relation de genre » an kreyòl. Kategori a pa/poko antre nan chèm panse moun yo yon fason pou lang nan ta fè l pase san difikilte. Se konsa, si nou pran sistèm reprezantasyon an nan vodou, l ap difisil pou yo mete yo nan yon lòt lang ki pa konn reyalite sa a.

Kijan yon lang ka kontribye nan devlòpman yon peyi ?

PCM : Lè nou di devlòpman, premye sa pou nou wè se devlòpman moun. Devlòpman moun vle di bay moun posiblite pou yo epanouyi, bay moun opòtinite pou yo avanse, bay moun posiblite pou yo metrize anviwònman yo. Si nou pran devlòpman nan sans sa a, n ap wè pa gen epanouyisman ki posib anndan yon sosyete kote majorite popilasyon an oblije aprann nan yon lang etranje, pa gen epanouyisman posib lè lajistis ak administrasyon piblik ap fèt nan yon lang popilasyon an pa konprann ale wè pou li ta metrize. Bay moun opòtinite vle di pèmèt yo ranmase maksimòm konesans pou yo ka defann tèt yo nan lavi a. Pa gen posiblite pou maksimòm moun ranmase konesans yo bezwen pou yo metrize anviwònman yo paske lekòl fèt dèyè do kilti pèp la, lekòl la fèt dèyè do anviwònman moun yo ap viv la. Lekòl la mete tout kalite konesans moun genyen nan peyi a sou kote. Lekòl la te dwe kote moun al aprann apwofondi konesans yo jwenn nan eritaj yo. Menn lejann ki nan kilti pèp la se sous epanouyisman yo ye, si sèlman lekòl la te ka pèmèt Ayisyen wè limit yo.

Kilè lang se yon zouti dominasyon ?

PCM : Kesyon 4 la deja bay mòso repons. Lang se yon zouti ideyolojik. Moun ki kontwole zouti sa a, kontwole sa li ka mete nan tèt moun. Nan ka Ayiti a, gen de lang ki fas pou fas. Nan rapò lang yo, se rapò klas sosyal yo pou nou wè. Ki klas sosyal k ap domine sosyete a ? Ki lang klas sosyal k ap domine sosyete a bay valè ? Pou ki rezon se franse yo bay valè nan sosyete a ? Repons la senp, se paske lang franse a plis reprezante yon zouti pou yon gwoup sosyal toufounen yon lòt gwoup olye pou li t yon zouti devlòpman ki ofri tout moun nan popilasyon menm avantaj yo. Anndan rejè lang kreyòl la, se rejè tout klas sosyal kote moun yo pale kreyòl, k ap fèt anndan sosyete a avèk lang franse a kòm zouti ideyolojik. Se yon verite pou tout moun ki pale kreyòl dwe konprann epi pou yo pa asepte.


Fouyapòt : Wilbert FORTUNÉ

Le Temps Littéraire Tout afficher

Magazine d'art, de littérature et des idées

Répondre

Choisissez une méthode de connexion pour poster votre commentaire:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l'aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.

%d blogueurs aiment cette page :